
Doktè Priya Dixit-Patel
Komisè
Biyografi
Doktè Priya Dixit-Patel se yon doktè fanmi sètifye ki gen ventan depi l ap pratike, epi kounye a li ap travay pou Christiana Care nan Smyrna Family Practice. Li fèt nan Varanasi nan peyi Zend, Doktè Dixit-Patel te imigre Ozetazini a laj de twa zan. Li te retounen nan peyi Zend pou l te fini etid lekòl presegondè li yo, epi li konsidere pati sa a nan lavi li kòm fondasyon idantite kiltirèl solid li. Doktè Dixit-Patel te ale nan Inivèsite Pittsburgh pou etid bakaloreya epi li te ale nan Lekòl Medsin Inivèsite Ross pou diplòm Medsin li. Li te fini rezidans li nan Somerset Medical Center nan New Jersey epi li te fè yon ane fòmasyon anplis nan Lopital Newark Beth Israel nan Obstetrik ak Jinekoloji.
Doktè Dixit-Patel abite Dover avèk mari l, Doktè Sharad Patel, ansanm ak de pitit yo, Jiya ak Ruhan. Li renmen viv nan kominote l ap sèvi a, epi li wè opòtinite pou travay nan yon zòn ki pa jwenn ase sèvis kòm yon bagay ki alafwa difisil e rekonpanse.
